kisa kap rive si tout sal sinema yo femen
Jodi a anko mwen depanse 25$ ht poum al gade yon film "imperial" franchman kob la fem mal.
Imperial pa banm anyen pou kob mwen an sim konsidere ke fim nan koupe plis pase 4 fwa san eksplikasyon ( san pesonn pa eksplikem poukisa) tandiske m konnen m te ka achte fim nan nan lari a ak kob saa.
Mwen pami moun kap sipote "industrie" sinema a an Ayiti, men kesyon map pozem se pandan konbyen tan anko map ka reziyem al gad film nan sal pandan ke sevis la pa bon ditou ditou.
m konnen li difisil pou kenbe sal yo nan konteks jeneral la , te gen mwens ke 7 moun nan sal 1 an, men mezanmi si mwen m komanse bouke e moun ki pa enplike menm jan avem yo sa yo di?
Antouka si nou pa fe yon jan yon jou nap leve san nou pa jwenn yon grenn kote poun pase fim.
Inscription à :
Publier les commentaires (Atom)
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire